Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

E si m ap fè move nòt lekòl?

E si m ap fè move nòt lekòl?

 “M konn wè kèk nan kondisip mwen yo ki chita nan klas la san okenn liv nan men yo epi yo konn gen kas nan zòrèy yo y ap koute mizik pandan pwofesè a ap pale. Epi menm elèv sa yo konn ap di yo pa konn sa k fè yo pa pase. Yon lòt bò, gen moun tankou m ki fè anpil efò, yo etidye anpil e malgre sa yo pa janm fè bèl nòt. Franchman, m pa ka esplike sa. M vrèman pa santi m byen lè m fin pase tout yon semèn ap etidye, gendelè m rete byen ta nan aswè e malgre sa mwen pa pase egzamen an.” — Yolanda.

 Èske w te deja gen menm santiman sa yo Yolanda genyen an? An reyalite, sa ka vrèman dekourajan si n fè yon move nòt oswa si n fè plizyè move nòt youn dèyè lòt.

 Kèk jèn ki fè move nòt lekòl konn vin dekouraje e yo konn sispann fè efò pou yo fè pi bon nòt. Gen lòt elèv ki konn menm sispann al lekòl. Menm lè de posiblite sa yo ka parèt bon, gen yon lòt fason pou n jere pwoblèm nan. Ann egzamine sis bagay ou ka fè pou w ka gen pi bon nòt lekòl.

 Sa w ka fè

  •   Pa rate kou. Konsèy sa a ka parèt senp paske tout moun ta dwe konn sa, men si w rate twòp kou, ou pap fè bèl nòt.

     “Nan lekòl mwen te ye a, gen elèv sa pa t enpòtan pou yo pase oswa pou yo pa pase, e souvan se yo ki te konn rate kou yo, men alafen sa te konn ba yo plis pwoblèm.” — Matthew.

     Prensip Bib la bay: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” — Galat 6:7.

  •   Eseye aprann tout sa w kapab nan chak kou. Se vre li bon pou n asiste chak kou, men lè n nan klas la, li bon pou n eseye aprann tout sa n kapab nan kou a. L ap bon pou n pran bon nòt. Eseye konprann sa pwofesè w la ap di. Si w jwenn pèmisyon pou sa, poze kesyon nan kou a.

     “M poze anpil kesyon lè m ap suiv yon kou paske m vin rann mwen kont pwofesè a pi byen esplike sijè a si l konnen gen yon elèv ki pa konprann li.” — Olivia.

     Prensip Bib la bay: “Fè atansyon ak fason n ap koute.” — Lik 8:18.

  •   Pa pran poul. Moun ki pran poul pa onèt. Gen plizyè fason moun pran poul lekòl. Youn nan fason sa yo se kopye sou fèy lòt moun. Nonsèlman pran poul pa onèt, men tou sa pap ede w aprann anyen.

     “Si gen yon bagay ou pa konprann, pa kopye repons sou fèy egzamen yon lòt elèv. Lè w fè sa, se pa ede w ap ede tèt ou. Olye pou w ta aprann rezoud pwoblèm poukont ou, se aprann w ap aprann depann de lòt moun.” — Jonathan.

     Prensip Bib la bay: “Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman.” — Galat 6:4.

  •   Bay devwa w priyorite. Toutotan sa posib, fè devwa w anvan ou fè lòt aktivite, sitou lè se aktivite ou fè pou detann ou. a Konsa, lè w fin fè devwa w, w ap ka pi byen pwofite detant lan.

     “M bay devwa m yo priyorite, sa ede m fè pi bèl nòt. Lè m rive lakay, souvan m konn vle fè yon ti dòmi oswa m konn vle tande mizik. Men, m eseye fè devwa m yo anvan e apre sa, m rilaks.” — Calvin.

     Prensip Bib la bay: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

  •   Mande èd. Ou pa bezwen wont aksepte èd lòt moun. Al kot paran w pou w mande yo konsèy. Mande pwofesè w la èd pou w ka fè pi bon nòt. Gendelè, ou ka jwenn èd si w pran leson.

     “Al kot pwofesè a, epi mande l pou l ede w konprann sijè a e wè sa w ka fè pou w gen pi bon nòt. Petèt pwofesè a ap kontan wè jan w detèmine pou w pase, e l ap kontan ede w.” — David.

     Prensip Bib la bay: “Bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” — Pwovèb 15:22.

  •   Pwofite tout opòtinite ki disponib. Nan kèk peyi, gen egzamen ki gen kesyon anplis elèv yo ka reponn pou yo fè yon pi bon nòt. Petèt gen lòt posiblite pou w fè yon lòt devwa k ap pèmèt ou fè plis pwen. E si w pa pase yon egzamen, petèt gen posiblite pou w repran l si w mande sa.

    Fè pi bon nòt lekòl tankou aprann jwe yon enstriman. Sa mande anpil travay, men alafen li vo lapenn.

     “Si m vle fè pi bon nòt nan yon sijè, se mwen menm ki pou poze aksyon. Mwen mande pwofesè m yo si gen lòt devwa m ka fè pou m fè plis pwen oswa si m ka refè yon travay pou m fè yon pi bon nòt.” — Mackenzie.

     Prensip Bib la bay: “Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l.” — Pwovèb 14:23.

a Pou kèk sijesyon byen presi sou fason ou ka aprann pi byen etidye, gade atik: “Kesyon jèn yo konn poze: Ki jan m ka rive fin fè devwa m?