Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka kontwole kòlè m?

Ki jan m ka kontwole kòlè m?

 Tès

  •  Konbyen fwa w an kòlè?

    •  sa pa rive souvan

    •  pafwa

    •  chak jou

  •  Nan ki pwen ou konn an kòlè?

    •  pa twòp

    •  anpil

    •  anpil anpil

  •  An jeneral, ki moun ki konn fè w an kòlè?

    •  paran w

    •  frè w ak sè w

    •  zanmi w

 Si w remake w bezwen kontwole kòlè w, atik sa a ap ede w fè sa! Toudabò, ann wè kèk rezon ki montre n poukisa l enpòtan pou w rete kalm lè yo pwovoke w.

 Rezon ki fè sa enpòtan

 Byennèt ou. Pwovèb 14:30 di: “Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante.” Men, gen yon ouvraj (Journal of Medicine and Life) ki di “kòlè ka gen yon rapò dirèk ak maladi kè”.

 Zanmi w yo. Men sa Bib la di: “Pa mache ak yon moun ki gen gwo san, e pa annafè ak yon moun ki fè kòlè fasil.” (Pwovèb 22:24). Donk, si w renmen fè kòlè, pa sezi si lòt moun ap chèche evite w. Gen yon jèn dam ki rele Jasmine ki di: “Si w pa aprann kontwole kòlè w, w ap pèdi bonjan zanmi w genyen yo.”

 Repitasyon w. Ethan, yon jèn ki gen 17 an, di konsa: “Si w pa moun ki konn kontwole kòlè w, lòt moun ap konnen sa e y ap gen yon fason yo wè w.” Mande tèt ou: ‘Ki jan m ta renmen pou lòt moun konsidere m? Èske m ta renmen yo konsidere m kòm yon moun ki kalm e ki renmen fè lapè oubyen kòm yon bonm k ap eksploze depi yo touche l?’ Men sa Bib la di: “Moun ki pa fè kòlè fasil se moun ki gen anpil bon jijman, men, moun ki pa gen pasyans lan fè wè jan l sòt.” — Pwovèb 14:29.

Pa gen moun ki vle rete kote yon moun ki renmen fè kòlè.

 Sa w ka fè

 Egzamine vèsè ak kòmantè ki annapre yo, epi poze tèt ou kesyon ki mache avèk yo a.

  •   Pwovèb 29:22: “Yon moun ki gen tandans fè kòlè leve diskisyon, moun ki renmen fè gwo kòlè fè anpil peche.”

     “Lè m te piti, sa k te pi di pou mwen se kontwole kòlè m. Fanmi bò kot papa m yo gen menm pwoblèm nan. Nou rele sa kòd jenetik fanmi an. Li difisil pou n kontwole kòlè nou.” — Kerri.

     Èske m renmen fè kòlè? Si m aksepte fè sa m kapab pou m gen bèl kalite, èske l nòmal pou m annik aksepte se pwoblèm ras ki fè m gen defo sa a?

  •   Pwovèb 15:1: “Yon repons ki dous kalme kòlè, men, yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè.”

     “Sekrè a se aprann kontwole tèt ou. Si w chèche gen yon bèl pèsonalite e w konsantre sou sa ki pozitif, ou pap ni pa gen kontwòl sou tèt ou, ni pèdi metriz ou.” — Daryl.

     Lè yo pwovoke m, poukisa premye fason m reyaji a enpòtan?

  •   Pwovèb 26:20: “Kote ki pa gen bwa, dife mouri.”

     “Lè m reyaji avèk jantiyès, an jeneral, sa kalme lòt moun nan e sa fè nou kapab pale san nou pa pèdi kontwòl sou tèt nou.” — Jasmine.

     Ki jan sa m ap di ak sa m ap fè ka tankou se gaz m ap mete sou dife?

  •   Pwovèb 22:3: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.”

     “Pafwa, m jis bezwen ale pou m ka bay tèt mwen tan pou m panse sou sa k pase a, epi apre pou m ka jere sa lè m vin kalm.” — Gary.

     Ki lè l ka pi bon pou w ale pou yon sitiyasyon kote gen presyon san w pa kite lòt moun nan panse ou meprize l?

  •   Jak 3:2: “Nou tout nou bite tanzantan.”

     “Erè nou fè yo dwe fè n tris, men nou dwe pran leson ladan yo. Nou dwe leve lè n tonbe, epi pran detèminasyon pou n fè pi byen pwochèn fwa.” — Kerri.

 Konsèy: Chèche gen yon objektif. Pran detèminasyon pou w rete kalm pandan yon tan, petèt pandan yon mwa. Chak jou, make pwogrè w fè yo.