Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe konnen konsènan sèksting?

Ki sa m dwe konnen konsènan sèksting?

 Ki sa sèksting ye?

 “Sèksting” se lè yon moun pran abitid sèvi ak telefòn pou l voye mesaj, foto oswa videyo ki gen rapò ak sèks. Gen yon mesye ki fè konnen: “Kounye a, sanble se yon fason ki nòmal pou moun kominike. Youn ap voye SMS bay lòt e nan yon bat je, youn kòmanse voye vye foto bay lòt.”

 Men, ki sa k pouse moun yo fè sa? Selon sa yon avoka ki gen eksperyans te fè konnen nan yon jounal ki rele The New York Times, pou kèk jèn, “gen yon foto mennaj ou toutouni sou telefòn ou, se yon fason pou w di w se yon moun ki aktif nan fè sèks”. Gen yon jèn fi ki di l se yon fòm “rapò seksyèl pwoteje”. Men sa l di: “Grasa li, ou pap ni ansent ni w pap pran yon maladi moun pran nan fè sèks (MST).’

 Men kèk lòt rezon ki fè jèn yo konn voye mesaj konsa:

  •   Pou yo flète ak yon moun yo espere gen yon relasyon avè l.

  •   Paske yon moun te deja voye yon foto ki gen rapò ak sèks ba yo, e konsa, yo santi yo oblije fè menm jan an tou.

 Ki konsekans li?

 Yonfwa w fin sèvi ak telefòn ou pou w voye yon foto, li pa pou ou ankò e w pa gen okenn kontwòl sou fason yo ka sèvi avè l, ni sou fason l pral gen efè sou repitasyon w. Men sa Amanda Lenhart, yon dam ki konn fè rechèch e ki se yon ekriven, te ekri nan yon rapò sou sèksting pou yon sant rechèch ki rele Pew: “Li pa t janm fasil konsa pou yon moun anrejistre erè ak peche l fè yo epi pou l voye yo bay lòt moun wè.”

 Nan kèk ka

  •    Moun ki resevwa foto toutouni yo konn voye foto sa yo pa pakèt bay zanmi l jis pou plezi.

  •    Gen kèk jèn gason ki ki konn distribye foto toutouni pou tire revanj sou mennaj yo ki kite yo.

 ÈSKE W TE KONNEN? Nan anpil ka, yo klase moun k ap voye foto toutouni yo nan menm gwoup ak moun k ap fè abi seksyèl sou timoun oswa k ap distribye imaj pònografi sou timoun. Yo te jije kèk jèn ki konn voye sèksting kòm delenkan seksyèl.

 Ki sa Labib di sou sa?

 Selon Labib, se yon bon bagay sa ye pou moun ki marye yo jwenn plezi nan relasyon seksyèl (Pwovèb 5:18). Sepandan, Bib la pran yon pozisyon fèm kont relasyon seksyèl ant de moun ki poko marye. Ann konsidere vèsè ki vin apre yo:

  •   “Depi se imoralite seksyèl, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou [...]. Se menm bagay la pou konduit ki fè moun wont, pawòl ki san valè, blag betiz.” — Efezyen 5:3, 4.

  •   “Fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta.” — Kolosyen 3:5.

 Nonsèlman vèsè sa yo bay avètisman kont “imoralite seksyèl” (relasyon seksyèl ant de moun ki pa marye), men tou, li bay avètisman kont kèk bagay tankou “salte” (yon mo ki gen anpil sans ki fè referans ak nenpòt bagay ki fè yon moun pa pwòp moralman) ansanm ak “dezi seksyèl” (se pa santiman womantik nòmal moun ka satisfè lè yo marye a, men, se yon santiman petèt ki ka mennen nan konduit ki pa pwòp).

 Mande tèt ou:

  •   Nan ki sans voye foto moun toutouni se yon “salte”?

  •   Ki fason sèksting fè moun vin gen “dezi seksyèl” ki pa pwòp?

  •   Poukisa anvi gade oswa voye foto toutouni se yon bagay ki mal?

 Vèsè ki vin apre yo bay yon lòt rezon ki pi enpòtan toujou pou n rejte pratik sa a.

  •   “Fè tout sa w kapab pou w prezante tèt ou bay Bondye antanke moun li apwouve, antanke yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont.” — 2 Timote 2:15.

  •    “Reflechi sou jan de moun nou dwe ye: Nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye!” — 2 Pyè 3:11.

 Vèsè sa yo montre efè pozitif yon bon moralite genyen. Si w gen bon konduit, pi devan, ou pap gen pou w regrèt lefètke w te aji san reflechi. — Galat 6:7.

 Mande tèt ou:

  •    Ki jan de moun mwen ye?

  •    Èske m bay repitasyon lòt moun enpòtans?

  •    Èske m vle pran plezi nan bagay k ap fè lòt moun ditò?

  •    Ki fason sèksting ka gen efè sou repitasyon m?

  •    Ki fason sèksting ka fè m pèdi konfyans paran m te gen nan mwen?

 TEMWAYAJ: “Mwen gen yon zanmi ki te renmen ak yon jèn gason an kachèt. Yon jou, li te voye yon foto l fè toutouni bay jèn gason an, e jèn gason an te voye youn pou li tou. Apenn de jou annapre, papa zanmi m nan t al verifye telefòn li, li te jwenn mesaj yo e sa te fè mal anpil. Konsa, li te pale ak zanmi m nan e zanmi m nan te di l tout bagay. Mwen konnen zanmi m nan regrèt sa l te fè a, men, sa te choke paran l yo anpil e sa te boulvèse yo. Yo pa menm sèten si yo ka fè l konfyans ankò.”

 Reyalite: Sèksting denigre ni moun ki voye mesaj la, ni moun ki gade mesaj la. Gen yon jèn fi mennaj li te fè presyon sou li pou l voye foto toutouni ba li ki di: “Sa fè m santi m degoutan e m vrèman santi m regrèt.

 Entandone konsekans sèksting nan ka genyen sou ou nan domèn moral, sou konsyans ou e petèt li ka menm mennen w devan tribinal, l ap bon pou w suiv konsèy ki vin apre yo nou jwenn nan Bib la:

  •   “Kouri pou dezi ki natirèl lakay jèn yo.” — 2 Timote 2:22.

  •   “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen.” — Sòm 119:37.

 Ki sa ou menm ou t ap fè?

 Aplike konsèy Bib la bay yo lè w nan yon sitiyasyon reyèl. Li sa Janèt di a epi chwazi opsyon w panse ki pi bon an.

 “Yonfwa, m te rankontre yon jèn gason e youn te bay lòt nimewo telefòn. Nan mwens pase yon semèn, li te mande m pou m voye yon foto m fè an bikini pou li.” — Janet.

 Ki sa w panse Janèt ta dwe fè? Ki sa ou menm ou t ap fè?

  •  OPSYON A: Ou te ka rezone konsa: ‘Pa gen anyen mal nan sa. Dayè, si n al nan plaj, l ap wè m ak yon bikini sou mwen.’

  •  OPSYON B: Ou te ka rezone konsa: ‘M pa fin konn sa l vle toutbon. Ban m voye yon foto kote kò m pa parèt twòp ba li epi pou m wè sa l ap fè apre sa.’

  •  OPSYON C: Ou te ka rezone konsa: ‘Se yon sèl bagay ki enterese jèn gason sa a. Ban m efase mesaj li a.’

 Opsyon C a sanble pi bon, pa vre? Dayè, Bib la di: “Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.” — Pwovèb 22:3, Bib la.

 Ti egzèsis sa a atire atansyon sou yon bagay ki, byen souvan, mennen nan sèksting ansanm ak lòt fòm move konduit: Èske w pran san w pou w chwazi moun k ap vin zanmi w yo (Pwovèb 13:20)? Gen yon jèn fi ki rele Sarah ki di: “Fè zanmi ak moun ou konnen ki pap tolere move konduit.” Gen yon jèn fi ki rele Delia ki dakò ak sa. Men sa l di: “Gen kèk swadizan zanmi k ap eseye kraze bon moralite w genyen olye yo ede w kontinye kenbe yo. Si fason yo konpòte yo pa ann amoni ak lwa Bondye yo, konnen y ap ankouraje w aji kont sa w konnen ki jis. Èske se sa w vle toutbon?”