Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m ap filange kò m?

Poukisa m ap filange kò m?

 Ki sa sa ye ojis?

 Tandans sa a se yon pratik kote yon moun pran abitid sèvi ak yon zouti file pou l blese tèt li. Li se youn pami plizyè fason moun ka fè tèt yo mal. Lòt fason ankò se lè yon moun boule tèt li, lè l fè mak sou po l oswa l frape tèt li. Atik sa a ap pale sou pratik filange kò a, men, menm prensip yo valab pou tout lòt fason moun fè tèt yo mal.

 Teste konesans ou: Vrè ou fo.

  1.   Se sèl ti medam yo ki konn filange kò yo.

  2.   Lè yon moun filange kò l, li vyole kòmandman biblik nou jwenn nan Levitik 19:28 la, ki di: “Nou pa dwe filange kò nou.”

 Repons kòrèk:

  1.   Fo. Byenke pwoblèm sa a sanble plis repete kay ti medam yo, gen kèk gason ki konn filange kò yo e ki konn fè tèt yo mal lòt fason tou.

  2.   Fo. Levitik 19:28 fè referans ak yon ansyen koutim payen, men, li pa fè referans ak lè yon moun pran abitid fè tèt li mal jan atik la ap pale de sa a. Sepandan, li rezonab pou n panse Kreyatè nou an ki gen lanmou pa vle n fè tèt nou mal. — 1 Korentyen 6:12; 2 Korentyen 7:1; 1 Jan 4:8.

 Poukisa kèk moun fè l?

 Teste konesans ou: Ki deklarasyon w panse ki pi egzak?

 Gen moun ki filange kò yo...

  1.   pou eseye jere detrès afektif yo genyen.

  2.   pou eseye touye tèt yo.

 Repons kòrèk: A. Pifò moun ki filange kò yo pa vle mouri. Yo jis vle fini ak dezespwa yo genyen yo.

 Note sa kèk jèn, ki te gen abitid filange kò yo, fè konnen.

 Celia: “Sa fè m yon ti jan soulaje.”

 Tamara: “Li fè m santi m libere. Soufrans fizik la pi bon pase soufrans afektif la.”

 Carrie: “M pa renmen lè m tris. Lè m filange kò m, soufrans lan fè m bliye tristès la.”

 Jerrine: “Chak fwa m filange kò m, m vin prèske pa konn anyen nan sa k ap pase toutotou m e konsa m pa enkyete m pou pwoblèm mwen yo. Sa fè m santi m vrèman byen.”

 Si w gen pwoblèm sa a, ki jan w ka sispann?

 Lè w priye Jewova Dye, sa ka yon etap enpòtan pou w geri. Bib la di: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

 Konsèy: Kòmanse ak yon priyè tou kout, petèt lè w annik di Jewova: “M bezwen èd.” Rive yon lè, w ap anmezi pou w ouvri kè w bay “Bondye tout konsolasyon an” e pou w di l tout sa w santi. — 2 Korentyen 1:3, 4.

 Lapriyè pa sèlman la pou fè w santi w byen. Se yon bon mwayen pou w kominike ak Papa w ki nan syèl la, Papa ki fè w pwomès lè l di: “M ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” — Ezayi 41:10.

 Mete sou sa, gen anpil moun ki te konn filange kò yo ki jwenn konsolasyon lè yo pale de sa ak yon paran oswa yon moun, ki pi gran, yo fè konfyans. Gen kèk jèn ki te fè sa. Ann egzamine sa twa nan yo te di.

 Kesyon pou w reflechi

  • Lè w santi w pare pou w chèche èd, ak kiyès ou ka konfye w?

  • Ki sa w ka di Jewova Dye sou sijè sa a lè w ap priye l?

  • Èske w ka site de mwayen (san w pa fè tèt ou mal) ou ka itilize pou w retire strès ak enkyetid ou genyen yo?