Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka sispann voye sa m dwe fè pou pita?

Ki jan m ka sispann voye sa m dwe fè pou pita?

Èske w santi w bouke lefètke w toujou tann byen ta pou w fin fè travay ou ak devwa w? Ou vrèman bezwen sispann voye sa w dwe fè pou pita! Atik sa a ap ede w sispann voye sa w dwe fè pou pita menm lè:

Apre w fin li atik sa a, fè  tès sou voye sa w dwe fè pou pita a.

 Bib la montre move konsekans sa ka genyen lè yon moun voye sa l dwe fè pou pita. Men sa l di: “Moun ki ret ap gade van pap plante e moun ki ret ap gade nyaj yo pap fè rekòt.” — Eklezyas 11:4.

 Ann konsidere kèk bagay ki ka lakòz pwoblèm nan, epi ann wè sa w ka fè pou w sispann voye sa w dwe fè pou pita.

 Travay la sanble twò difisil.

 Nou admèt sa, gen kèk travay ki tèlman difisil opwen l fasil pou n kite yo pou pita. Sepandan, men kèk pi bon ide.

  •   Divize travay la an plizyè pati. Men sa yon jèn fi ki rele Melissa fè konnen: “Menm lè m konnen m vrèman an reta, m eseye jere tan an lè m fè bagay yo youn apre lòt.”

  •   Kòmanse tousuit. “Kòmanse fè travay la tousuit apre w fin jwenn li menmsi sa vle di annik ajoute l sou lis bagay ou gen pou w fè oswa note kèk ide pou w ka pa bliye l.” — Vera.

  •   Mande èd. Sandout paran w yo oswa pwofesè w yo te deja fè fas ak yon pwoblèm konsa. Poukisa w pa pwofite eksperyans yo? Yo ka ede w òganize ide w yo e yo ka ede w fè yon plan.

 Yon konsèy: “Fè yon pwogram. Se vre sa pral vle di pou w òganize w epi pou w pran detèminasyon pou w suiv li, men, sa ap mache. W ap rive fè tout bagay nan lè w dwe fè l.” — Abbey.

 Ou pa santi w motive.

 Byen souvan, pami travay ou gen pou w fè yo, konn gen kèk ou twouve ki pi annuiyan pase lòt. Donk, ki sa w ka fè si w santi w pa motive pou w fè travay la? Eseye sijesyon sa yo.

  •   Chèche yon rezon pou w fè l byen vit. Pa egzanp, imajine jan w ap santi w byen lè w fin fè l. Gen yon jèn fi ki rele Amy ki di: “M renmen jan m santi m lè m fè yon bagay atan oswa lè m devanse pwogram mwen epi m ka rilaks mwen apre sa.”

  •   Sonje konsekans yo. Lè w voye sa w dwe fè pou pita, ou ajoute sou strès ou e w diminye chans ou te genyen pou w reyisi nan sa w ap fè a. Bib la di: “W ap rekòlte egzakteman sa w plante.” — Galat 6:7, Good News Translation.

  •   Fikse objektif pou w fini anvan lè w te prevwa a. Men sa yon jèn fi ki rele Alicia fè konnen: “Lè m di tèt mwen m dwe fini youn oswa de jou anvan lè m te dwe fini an, sa ede m. Konsa, m ka verifye travay mwen fè a e m vin gen youn oswa de jou pou m fè lòt bagay.”

 Yon konsèy: “Se jis yon kesyon mantalite. Di tèt ou w ap fè sa w gen pou w fè a e anyen pap anpeche w fè l. Lè m di tèt mwen sa, sa k dwe fèt la ap fèt.” — Alexis.

 Ou deja twò okipe.

 Gen yon jèn gason ki rele Nathan ki di: “Byen souvan, gen moun ki konn di m ap voye sa m dwe fè pou pita, men, se pa vre! Yo pa menm konnen tout sa m gen pou m fè!” Si w santi w menm jan ak Nathan, eseye konsèy sa yo.

  •   Fè travay ki pi fasil yo anvan. Men sa yon jèn fi ki rele Amber fè konnen: “Yon lè, gen yon moun ki te di m si yon travay mande mwens pase senk minit pou w fè l, fè l tousuit. Sa gen ladan l kèk bagay tankou fè netwayaj, ranje rad, lave veso oswa fè yon apèl.”

  •   Fikse priyorite. Bib la di: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” (Filipyen 1:10). Ki jan w ka suiv konsèy sa a nan lavi w ap mennen chak jou? Gen yon jèn fi ki rele Anna ki di: “Mwen fè yon lis tout bagay mwen gen pou m fè e m note ki lè m dwe fin fè yo chak. Men, sa k pi enpòtan an, mwen note ki lè m prevwa kòmanse travay sou chak pwojè ak ki lè m prevwa fini yo.”

 Èske sa sanble twò strik? Fè yon ti reflechi ankò! Anfèt, lè w fè yon pwogram, sa pèmèt ou gen kontwòl sou tan w olye w kite tan w kontwole w. E sa diminye strès. Gen yon jèn fi ki rele Kelly ki di: “Lè m gen yon plan, sa fè m rete kalm e sa pèmèt mwen konn sa m dwe fè.”

  •   Elimine distraksyon. “Lè m kòmanse travay sou yon pwojè, m fè tout moun lakay mwen konn sa. Si gen yon bagay yo bezwen m fè pou yo, m mande yo tanpri pou yo fè m konn sa anvan m kòmanse. Anplis de sa, mwen etenn telefòn mwen e m dezaktive son imel mwen yo.” — Jennifer.

 Yon konsèy: “Kèlkeswa sa w gen pou w fè a, li pap annik rete konsa l disparèt san w pa fè l. Olye w plede ap bay tèt ou pwoblèm pou sa, jis fè l. Konsa, w ap ka santi w rilaks pou tout rès jounen an.” — Jordan.